Accessibility links

Breaking News

Larisi: 35 Moun Mouri nan yon Eksplozyon


Larisi: 35 Moun Mouri nan yon Eksplozyon
Larisi: 35 Moun Mouri nan yon Eksplozyon

Yon eleman otorite yo sispek kòm yon kamikaz sote tèt li lendi 24 janvye 2011 la a nan ayewogar kote pasaje ap debake nan prensipal ayewopò vil Moskou, nan Larisi: bilan, omwen 35 moun mouri.

Dapre temwen sou plas, sanble lotè ekslozyon sa a se yon nèg ki te antre nan ayewopò Domodedovo a nan moman li te chaje ak moun e ki ta detone yon bonm.

Anplis 35 moun ki pèdi lavi yo, gen omwen 145 lòt ki blese. Enfòmasyon otorite nan Moskou bay fè konnen te gen omwen 2 sitwayen britanik, yon fransè, ak yon italyen ki viktim nan atanta a e omwen yon britanik jwenn lanmò.

Ajans nouvèl ris INTERFAX site yon sous ofisyèl nan lapolis ki di yo jwenn tèt bonbis kamikaz la koupe sou anplasman eksplozyon an. Prezidan ris la, Dmitry Anatolyevich Medvedev, kondane zak la kòm yon atak teroris e li sèmante y ap jwenn e pini koupab yo.

Anmenm tan, li pase lòd pou ranfòse sekirite nan tout estasyon transpò piblik nan Larisi, tankou ayewopò, waf, estasyon tren, ak otobis.

XS
SM
MD
LG