Accessibility links

Breaking News

Kremlin: 'Objektif Etazini se Kreye Yon Nouvo Liy Divizyon, nan Mitan Peyi yo'


Le président Vladimir Poutine et son porte-parole Dmitri Peskov, à New York, le 28 septembre 2015.
Le président Vladimir Poutine et son porte-parole Dmitri Peskov, à New York, le 28 septembre 2015.

Kremlin denonse rankont o somè Prezidan Joe Biden pou demokrasi a, kote ni Larisi ni Lachin pa te envite. Li di Etazini vize "divize" peyi yo.

Pòtpawòl Kremlin an, Dmitry Peskov, te di laprès nan telefòn. " objektif Etazini se kreye yon nouvo liy divizyon, nan mitan peyi yo."

Joe Biden envite anviwon 110 peyi nan yon somè vityèl pou demokrasi an Desanm, ki gen ladan alye kle Etazini yo.

San sipriz, Lachin ak Larisi, prensipal rival jeopolitik Washington yo, te pami gwo absan yo nan lis envite ki te pibliye madi a.

Yon lòt pwen kontwovèse: Prezidan Biden envite Taiwan, ke Etazini rekonèt kòm modèl demokratik kont Lachin, ki limenm konsidere zile a kòm youn nan pwovens li yo.

"Somè pou demokrasi" Joe Biden lan, pral dewoule sou Entènèt 9 ak 10 desanm anvan yon rankont fas a fas yon ane pita.

Tansyon yo ant Washington ak Moskou yo te miltipliye nan dènye mwa yo, malgre dezi prezidan yo patisipe nan rankont o somè jen yo nan Jenèv.

XS
SM
MD
LG