Accessibility links

Breaking News

Jared Kushner, ki se Bofis e Konseye Prezidan Etazini an Donald Trump, Dakò pou l Reponn Kesyon Sena a

Konseye Lamezon Blanch, Jerèd Kushner, adwa, kap koute Prezidan Donald Trump pandan li tap pale ak yon gwoup chèf antepriz, nan sal ki pote non Roosevelt nan Lamezon Blanch, Washington. 23 janvye 2017 (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)

Nan kad ankèt sou swadizan aksyon Larisi kòmkwa li ta enfliyanse eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini, Jared Kushner, bofis e konseye Prezidan Donald Trump, aksepte pou reponn kesyon Senatè yo dapre Lamezon Blanch.

Mesye Kushner se alye ki pi pwòch Mesye Trump ki pwal reponn kesyon deja devan Komisyon Ransèyman Sena a, kap mennen ankèt sou koneksyon ant asosye Mesye Trump yo ak otorite Larisi yo.

Komisyon Sena a vle konnen plis sou 2 reyinyon Mesye Kushner nan mwa Desanm ane pase ak anbasadè Larisi Ozetazini an, Sergey Kislyak, dapre jounal New York Times ki te premye bay nouvèl la.

XS
SM
MD
LG