Accessibility links

Breaking News

Larisi : Ki lè Lajistis Ap Pwononse Santans Khodorkovsky ?


Larisi : Ki lè Lajistis Ap Pwononse Santans Khodorkovsky ?
Larisi : Ki lè Lajistis Ap Pwononse Santans Khodorkovsky ?

Nan Moskou, kapital Larisi, yon tribinal rekòmanse, madi 28 desanm 2010 la, seyans kote li gen pou pwononse santans yon ansyen gwo potanta nan komès ak ensdistri petwòl la, Mikhayil Khodorkovsky, ak yon òm-dafè ki asosye li, Platon Lebedev, yon jou apre tribinal la te jwenn yo koupab deske yo te detounen lajan.

Daprè ajans nouvèl yo, lekti vèdik sa a kapab dire lontan, paske li ekri sou yon afè de 250 paj. Konsa moun pa konnen egzatteman ki lè jij la kapab pwononse santans la finalman. Nan yon epòk Mikhayil Khodorkovsky te moun ki pi rich nan Larisi.

Li te prezidan-direktè jeneral yon konpayi petwòl ki te rele “Yukos” anvan Kremlen an te sezi konpayi an, fòse l kreye fayit epi vann tout byen li te posede. Apre sa otorite yo te akize 2 zòm yo deske yo te detounen 27 milya dola lajan petwòl konpayi an.

Mikhayil Khodorkovsky demanti akizasyon an ki, dapre sa li fè konnen, se travay gouvènman an ki fè konplo sou do l, paske li te leve kanpe kont politik Leta ris la. Li menm ak patizan n yo di se yon fason pou gouvènman an pini li poutèt Ii te apiye kandida opozisyon an ak moun ki t ap kritike Prezidan Vladimir Putin ki kounyela a okipe pòs Premye Minis la.

XS
SM
MD
LG