Accessibility links

Breaking News

Lapolis Gwatemala Dekouvri yon Gwoup Imigran Ayisyen ki T ap Chache Travèse Meksik pou ale Ozetazini


guatemala
guatemala

Otorite nan peyi Gwatemala deklare yo te dekouvri 54 migran ayisyen ki te kache nan yon kamyon trelè ki t ap vwayaje nan peyi Meksik, ak espwa pou yo te rive nan peyi Etazini.

Pami Gwoup migran sa yo te gen 20 gason, 20 fanm ak 14 timoun, daprè sa pòtpawòl polis Gwatemala a, Jorge Aguilar, te di nan yon deklarasyon li te bay laprès. Yo te entèsepte kamyon sa a sou yon wout nan peyi Meksik.

Yo te arete 2 sitwayen Gwatemala pou kontrebann. Migran yo te resevwa "èd imedyatman" epi yo te transpòte yo nan El Florido.

Plizyè milye ayisyen pase pa Amerik Santral pou yo rive nan peyi Etazini pou chèche yon lavi miyò. Pifò nan yo rive a pye epi yo travèse forè Darien an ki separe peyi Kolonbi ak Panama.

XS
SM
MD
LG