Plizyè peyi pami yo Etazini, Lafrans ak Wayòm Ini, manm pèmanan Konsèy Sekirite a, Iland ak Albani, nouvo manm ki pa pèmanan nan kò a depi 1ye janvye te mande pou òganizasyon Seyans sa .
Jiska prezan Konsèy Sekirite a pa fè Okenn deklarasyon. Gen lòt sous ki fè kwè ke ap gen yon deklarasyon anvan oswa apre reyinyon an.
An 2017, tout peyi ki nan Konsèy Sekirite a te mete tet yo ansanm sou dosye Kore di Nò lè kote Pyongyang te fè plizyè tès misil nikleyè, yo te pran twa seri sanksyon ekonomik grav kont Kore di Nò.
Jedi, ajans nouvèl ofisyèl Kore di Nò KCNA te di ke misil la te “ipèsonik , e li te frape yon sib a 700 km avèk presizyon."
Sa a se dezyèm fwa Kore di Nò anonse yon lansman misil ipèsonik, sa ki montre Pyongyang fè anpil pwogrè avek rapidite yo genyen pou develope teknoloji militè li yo. Premye a te fèt nan mwa septanm nan.
Mèkredi, Etazini, Japon ak Kanada te sitou kondane lansman misil la, e yo jije ke Pyongyang vyole plizyè rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini yo, e sa reprezante yon menas pou vwazen li yo.
Pyongyang bò kote pal li, di li bezwen asenal li pou l defann kont yon posib envazyon Ameriken.
Facebook Forum