Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Repete Menas pou l Itilize Lame pou Anpeche Migran Santwo-Amerien Antre Ozetazini


Migrants bound for the U.S.-Mexico border wait on a bridge that stretches over the Suchiate River, connecting Guatemala and Mexico, in Tecun Uman, Guatemala, Oct. 19, 2018.
Migrants bound for the U.S.-Mexico border wait on a bridge that stretches over the Suchiate River, connecting Guatemala and Mexico, in Tecun Uman, Guatemala, Oct. 19, 2018.

Nan moman karavàn k ap transpòte migran santwo-ameriken yo ap kontinye yon vwayaj a-pye difisil nan direksyon Lèzetazini, Prezidan Donald Trump pran lapawòl ankò, jedi 25 oktòb 2018 la, pou l di li dispoze sèvi ak fòzame peyi li pou anpeche karavàn sa a travèse fwontyè sid peyi a pou li antre sou tèritwa ameriken an.

Nan yon tweet lidè ameriken an pibliye byen bonè nan jounen an, li fè konnen -nap site: <<Map voye fòszame nou al konfwonte ijans nasyonal sa a. Nou pral stope yo.>> Prezidan Trump tonbe dakò tou ak lidè yon sendika asosyasyon polis k ap siveye fwontyè a ki di "Se Demokrat yo ki responsab si imigran sa yo ap chache antre Ozetazini.>>

Prezidan Trump, ki t ap anime yon meeting de mas nan Eta Wisconsin mèkredi 24 oktòb 2018 la, di li dispoze fè lame pase alaksyon pou migran yo pa antre sou tèritwa ameriken an.
Prezidan Trump, ki t ap anime yon meeting de mas nan Eta Wisconsin mèkredi 24 oktòb 2018 la, di li dispoze fè lame pase alaksyon pou migran yo pa antre sou tèritwa ameriken an.

Misye Trump di anpil pawòl tou pou l denonse otorite yo nan Ondiras, Salvadò avèk Gwatemala poutèt yo pa rive bloke sitwayen yo pou yo pa t pran direksyon Lèzetazini. Lendi pase a lidè ameriken an te di li dispoze koupe tout asistans ekonomik Washington ap bay 3 peyi santwo-ameriken yo e li te menase pou l itilize lame amerikèn pou l fèmèn fwontyè a.

XS
SM
MD
LG