Accessibility links

Breaking News

Lame Ejipsyèn nan Pibliye Yon Deklarasyon Pou Manifestan yo


Lame Ejipsyèn nan Pibliye Yon Deklarasyon Pou Manifestan yo
Lame Ejipsyèn nan Pibliye Yon Deklarasyon Pou Manifestan yo

Nan peyi Lejip, lame apwouve transfè pouvwa a k ap sòti nan men Prezidan Hosni Mubarak pou l tonbe nan men vis-prezidan Omar Suleiman ; se konsa tou militè yo lanse apèl pou yo mande pou yon vi nòmal retounen nan kapital peyi a, Lekèr, aprè 18 jou manifestasyon kont misye Mubarak.

Lame a fè parèt yon deklarasyon nan sans sa a vandredi 11 fevriye 2011 la aprè li te fin fè yon rankont ak Konsèy Siprèm Nasyon an ; òganizatè mouvman leve-kanpe a te prevwa yo tap mete sou pye pi gwo manifestasyon an depi mouvman rebelyon popilè a te kòmanse mwa pase a.

Daprè sa k di nan deklarasyon wo-grade militè yo mete deyò a, lame pral chache gen garanti ke refòm Prezidan Mubarak pwopoze yo, reyalize jan gouvènman n nan planifye yo-a –pami refòm sa yo, genyen posiblite pou Leta leve yon eta-dijans ki la depi 30 tan e ki pèmèt gouvènman an kenbe yon kontwòl sere-sere, a pati de yon sistèm siveye-rapòte, sou sitwayen ejipsyen yo.

Deklarasyon an pwomèt tou pou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou septanm 2011 la dewoule yon fason lib e demokratik. Anfen, lame bay manifestan yo konsèy pou yo rantre lakay yo.

XS
SM
MD
LG