Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Fè Konnen li Lage yon Bonm Puisan Men ki Pa Nikleyè sou Enstalasyon Gwoup Eta Islamik la nan Afganistan


Foto bonm ki pi puisan men ki pa nikleyè a ki rele "Mother of All Bombs" ki vle di manman tout bonm (MOAB).
Foto bonm ki pi puisan men ki pa nikleyè a ki rele "Mother of All Bombs" ki vle di manman tout bonm (MOAB).

Nan yon deklarasyon Pentagòn kidonk Depatman Defans Etazini an fè soti, li fè konnen lame amerikèn lage jedi 13 avril 2107 la yon bonm GBU-43 sou yon enstalasyon Gwoup Eta Islamik la genyen yon nan tinèl ki nan distri Achin nan pwovens Nangarhar toupre fwontyè Afganistan pataje ak Pakistan.

Bonm sa a ki rele "Massive Ordnance Air Blast" (MOAB) genyen ladann 11 tòn eksplozif. Akoz abrevyasyon non bonm nan, Lame de Lè Etazini an bal ti non gate ann anglè ki se "Mother of All Bombs" ki vle di manman tout bonm.

Pòtpawòl Pentagòn nan Adam Stump di se premye fwa yo itilize bonm sa a nan yon batay. Pòtpawòl Lamezon Blanch, Sean Spicer, ki tap pale nan laprès nan Washington, di li pa konnen si Prezidan Donald Trump te apwouve aksyon militè sa a, men li ajoute nou gen obligasyon pou nou anpeche militan islamik yo jwenn espas pou yo mennen operasyon.

XS
SM
MD
LG