Accessibility links

Breaking News

Lame Ameriken Konsidere Kom "lejitim", Atak Aeryen ki te Touye Plizyè Sivil nan Siri


FILE - In this Oct. 20, 2014 file photo, thick smoke and flames erupt from an airstrike by the U.S.-led coalition in Kobani, Syria, as seen from a hilltop on the outskirts of Suruc, at the Turkey-Syria border. For Syrians marking seven years of war…

Lame Ameriken an envoke "oto-defans" pou yon atak aeryen li te fè an 2019 nan peyi Siri ki te touye plizyè sivil, apre piblikasyon yon ankèt jounal New York Times, ki te akize Pentagòn.

Daprè ankèt sa ke New York Times te pibliye samdi a, fòs espesyal Ameriken ki tap opere nan peyi Siri te bonbade twa fwa nan dat 18 mas 2019 yon gwoup sivil toupre vil Baghouz.

New York Times deklare ke yon avoka militè rapòte ke atak sa ka konsidere tankou krim lagè.

Nan yon deklarasyon detaye Dimanch Kòmandman Santral Lame Ameriken an te di ke yo te mennen yon envestigasyon, epi ankèt la revele se te "oto-defans, e ke yo te pran tout mezi apwopriye pou yo pat touye sivil".

Chef Kòmandman Santral la, Bill Urban, deklare "Nou pran tout responsablite pou tout sivil sa yo ki mouri yo".

XS
SM
MD
LG