Accessibility links

Breaking News

Lajistis Florid Aretete 25 Moun an Koneksyon ak yon Konplo Fo Diplòm


Yo fo diplom enfimye lekol "Palm Beach School of Nursing". (Foto: Twitter - @Balleralert
Yo fo diplom enfimye lekol "Palm Beach School of Nursing". (Foto: Twitter - @Balleralert

Otorite federal yo arete 25 moun ke yo akize dèske yo te patisipe nan yon konplo frod nan Florid kote yo te kreye yon mwayen ilegal pou pèmèt moun ki vle enfimyè jwen lisans epi travay.

Sa pa gen lontan lajistis devwale akizasyon federal ki di kòm kwa akize yo te patisipe nan yon konplo pou vann plis pase 7,600 diplòm enfimyè nan 3 lekòl enfimyè nan Florid.

Avoka akizasyon yo di 25 Janvye konplo a te gen ladann tou dokiman lekòl enfimyè pou moun ki tap chache lisans ak travay kòm enfimyè.

Avoka Distri Sid Florid la, Markenzy Lapointe deklare: "Se pa yon sousi pa rapò ak sante piblik sèlman, men tou sa lage vèni sou repitasyon enfimyè ki te aktyèlman fè travay di pou etidye epi obteni lisans pwofesyonèl ak anplwa."

Lapoint ajoute ke: "yon konplo frod konsa minnen konfyans piblik la nan sistèm swen sante nou."

Fo diplòm ak transkri yo te kalifye moun ki te achte yo pou yo pran egzmen nasyonal enfimyè a. Si yo te pase egzamen an yo te ka jwen lisans ak travay nan divès eta, dapre avoka gouvènman an.

Lekòl yo: Siena College, Palm Beach School of Nursing epi Sacred Heart International Institute - fèmen kounyea.

Pami moun ki te achte diplòm yo nou jwen manm kominote Ayisyen-Ameriken sid Florid la. Gen kèk pami moun sa yo ki te gen lisans lejitim antanke enfimyè men ki te vle travay kòm enfimyè lisansye.

Etidyan yo te peye yon total $114 milyon pou fo diplòm yo ant 2016 ak 2021, dapre jounal Miami Herald. Apepre 2,400 pami 7,600 etidyan yo te pase egzamen pou gen lisans yo evantyèlman - pi fo nan yo nan Nouyòk, otorite federal yo di.

Enfimyè ki sètifye nan Nouyòk kapab travay kòm enfimyè nan Florid ak plizyè lòt eta.

Anpil nan moun sa yo kapab pèdi sètifikasyon yo sepandan la jistis pap akize yo pou krim, dapre sa otorite federal yo fè konnen.

Chak pami akize yo ap fè fas ak 20 an prizon si yon jiri jwen yo koupab.

XS
SM
MD
LG