Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ayisyèn Akize Jean-Claude Duvalier


Diktatè ayisyen Jean-Claude Duvalier
Diktatè ayisyen Jean-Claude Duvalier

Otorite nan peyi Dayiti akize ansyen diktatè Jean-Claude Duvalier pou kòripsyon, vòl ak detounman lajan 2 jou apre li te fè yon retou sanzatann nan peyi li apre 25 an ann ekzil an Frans.

Madi 18 janvye 2011 la, lapolis ayisyèn t al chache ansyen lidè a, ke yo rele “Baby Doc”, nan otèl de liks Karibe, pou mennen n nan Pakè Pòtoprens la, --deplasman ki te fèt ak yon gwo konvwa otomobil.

Kounye a se jij la ki pou deside si gen ase prèv pou fè yon pwosè kriminèl kont Mesye Duvalier, ki te rankontre ak jij denstriksyon an e ak lòt otorite Pakè a anvan li t al nan tribinal. Sepandan, otorite yo fè konnen Mesye Duvalier pwal rete a ladispozisyon lajistis.

Gwoup dwwazimen, tankou Amnesty Internasyonal gen lontan depi y ap mete presyon pou Mesye Duvalier fè fas ak lajistis pou abi kont dwa moun ki te fèt sou rejim li a, pami yo genyen zak-kraze-zo ak asasinay plizyè milye moun.

Gen akizasyon tou kòmkwa gouvènnman n nan ta vòlè plizyè milyon dola nan kès leta. Yon pòtpawol Wo-Komisè Dwa Moun Nasyonzini, Rupert Colville, te deklare madi 18 janvye 2011 la, anvan koparisyon Jean-Claude Duvalier devan pakè a, li pa klè si Ayiti nan pozisyon pou l arete e akize ansyen lidè a pou zak atwosite ki te fèt pandan li te sou pouvwa. Mesye Colville te ajoute fòk gen prèv pou kore tout akizasyon kont li.

Menm jou madi a toujou, pòtpawol Mezon Blanch Robert Gibbs, te pale anpil sou sitiyasyon an nan peyi Dayiti. Li fè laprès konnen nenpòt ki lidè politik, --aktyèl oubyen ansyen-- pa ta dwe santre atansyon n sou pwòp tèt pa li, men sou efò pou rezoud pwoblèm eleksyon konteste 28 novanm nan e rebati peyi a apre gwo devastasyon yon tranblemanntè te fè ladan n ane pase a. Msye Gibbs pa t site non Mesye Duvalier.

Ansyen diktatè a te pran pouvwa an 1971 a laj 19 van apre lanmò papa l, François Duvalier « Papa Doc » ki te gouvène Ayiti depi 1957 e ki te anba akizasyon tou dèske gwo zak britalite te fèt pandan li te sou pouvwa a. Retou Jean-Claude Duvalier a fèt apre eleksyon konteste a ki te deklanche manifestasyon ak akizasyon fwòd. Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a te ranvwaye yon 2èm tou eleksyon ki te gen pou dewoule dimanch 16 janvye a.

XS
SM
MD
LG