Accessibility links

Breaking News

Lajamayik Genyen Yon Nouvo Premye Minis: Andrew Holness


Nan La Jamayik, Andrew Holness prete sèman dimanch 23 oktòb 2011 la kòm nouvo Premye Minis.

Nan diskou envestiti ki dewoule nan kapital la, Kington, Misye Holness pwomèt pou l diminye dèt nasyonal la, elimine gang yo e konbat koripsyon.

Nouvo Premye Minis jamayiken an, ki gen 39 van, ranplase Bruce Golding ki kite pòs la menm yè dimanch la.

Sa pa gen lontan Msye Golding te anonse l ap kite pòs chèf gouvènman an akoz jan piblik la konsevwa fason li te jere yon demand ekstradisyon Lèzetazini te fè kont yon lidè gang dwòg jamayiken popilè.

Pati Travayis ki sou pouvwa a te chwazi msye Holness kòm lidè li dimanch e otomatikman li tounen Premye Minis.

Andrew Holness te minis edikasyon nasyonal; li pral dirije Pati Travayis la jous eleksyon jeneral dewoule nan lane 2012.

XS
SM
MD
LG