Accessibility links

Breaking News

Lajamayik Sanble Sou Wout Poul Gen yon Fanm Kòm Premye Minis


Portia Simpson Miller
Portia Simpson Miller

Nan peyi Jamayik, premye rezilta eleksyon yo montre yon viktwa pou yon pati nan opozisyon an , Pati Nasyonal Popilè a (PNP). Direktè kanapay Pati Nasyonal Jamayik la (JNP) dakò ke li pèdi eleksyon an.

Karl Samuda deklara sou televizyon Nasyonal peyi a: "Nou pa genyen , pèp la pale." Rezilta yo pèmèt pou la premyè fwa yon fi monte premye minis. Madam Portia Simpson Miller ranpòte la viktwa tou mens sou kandida pati ki sou pouvwa a nan Jamayik depi 4 tran .

Premye minis Andrew Holness ki soti nan pati “centre-droit “ te goumen pou rete sou pouvwa a jus 2 mwa a apre li te prete sèman . Mesye Holness , 39 van te ranplase ansyen premye minis Bruce Golding ki te bay demisyonn apre yon skandal sou fason li te jere yon manda Etazini te fè pou ekstrade yon gwo bawon dwòg .

Konnye a , madam Simpson pral gen pou fè fas kòm defi ak Jamayik ki gen yon to chomaj 13%, abòde kesyon dèt peyi a ak ekonomi kap make pa-sou-plas. Obsèvatè yo di eleksyon te dewoule nan lapè, san pwoblèm kontrèman ak eleksyon avan an ki te chaje ak vyolans.

XS
SM
MD
LG