Accessibility links

Breaking News

Lafrans Anonse yon Ankèt pou Fè Limyè sou 2 Sitwayen li Ki Mouri Asasine ann Ayiti


 Yon manifestan kap tire wòch pandan yon mach opozisyon an nan Pòtoprens.
Yon manifestan kap tire wòch pandan yon mach opozisyon an nan Pòtoprens.

Pakè vil Pari a anonse ouvèti yon ankèt apre yon koup franse mouri anba bal enkoni dimanch 24 novanm nan nan kapital ayisyenn nan, Pòtoprens menm jou yo te rive nan peyi a pou adopte yon timoun.

Ankèt la louvri pou omisid envolontè. Pakè a deklare bay ajans nouvèl Frans Press li konpetan pou l menen ankèt preliminè a depi se yon sitwayen franse ki viktim ak yon aksyon kriminèl yon peyi etranje.

Minis afè etranjè gouvènman demisyonè a Bocchi Edmond voye kondoleyans li bay fanmi viktim nan pandan li fè konnen gouvènman an ap pran tout dispozisyon pou fè limyè sou krim sa a.

Yon lòt kote prezidan ayisyen an Jovenel Moise asiste madi 26 novanm 2019 la nan yon rankont espesyal Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la pou defini estrateji tou nèf pou tabli lòd ak sekirite nan peyi a dapre yon nòt Sekretè deta kominikasyon an pibliye.

Lidè ayisyen mande responsab CSPN yo pou pran tout dispozisyon nesesè pou amelyore klima sekirite a nan peyi a yon fason pou pwoteje vi ak byen sitwayen k ap viv nan tout peyi a.

XS
SM
MD
LG