Accessibility links

Breaking News

Lachin Kapab Poze Kandidati l Pou l Oganize Youn Nan Pwochen Koup Dimond yo


—Federasyon Foutbòl Fransè a (FFF) anonse li dakò pou nouvo antrenè seleksyon nasyonal la, Laurent Blanc, sispann tou lè 23 jwè ki te patisipe nan koup dimond Afrik di Sid la kòm yon pinisyon global (an plon gaye) apre move pèfòmans yo te remèt nan koup dimond la.

Antrenè a, ki pat vle reponn kesyon jounalis apre li te finn rankontre federasyon an vandredi 23 jiyè a, gen pou l pibliye nouvo lis jwè ki pral patisipe nan yon match amikal kont la Nòvèj nan Oslo 11 out pwochen. Lis la ap parèt le 5 Out.

—Federasyon Foutbòl Chinwa (FFC) a fè konnen li ta renmen òganize koup dimond FIFA a an 2026. Si Lachin poze kandidati l vrèman, sa kapab konplike demach lòt peyi sou kontinan Azyatik la ki ta renmen kòm syèj mondyal 2022 a.

Dapre règleman FIFA yo, 2 chanpyona koup dimond foutbòl la pa kapab dewoule sou yon menm kontinan youn apre lòt.

—O Brezil, medya lokal yo anonse Prezidan Federasyon Foutbòl Brezil la (FFB), Ricardo Teixeira, kapab nonmen antrenè klib foutbòl Fluminense, Murici Ramalho, kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la.

Prezidan federasyon an fè anons la vandredi 23 jiyè 2010 la. Konsa Ramalho ta ranplase Dunga ki revoke apre La Oland te elimine Brezil nan kar de final koup dimond Afrik di Sid la. Kontra Ramalho ak Fluminense ap fini nan fen ane 2010 la.

—Inyon Foutbòl Ewopeyen an entèdi klib espayòl Real Mallorca patisipe nan tounwa Lig Ewopeyen an ane sa a akoz ekip la pa ranpli kondisyon ki nesesè yo.

Yon dèt 77 milyon dola se youn pami rezon ki eksplike desizyon Inyon an. Real Mallorca gen 3 jou pou l ale an apèl ak desizyon sa a, sinon klib Villarreal ap ranplase l avan yon tiraj osò a ki fikse pou 6 Out.

—Siklis britanik Marck Cavendish ranpòte 18èm etap Tour de Frans la. Chanpyon sòtan an, espayòl Alberto Contador, toujou okipe tèt klasman jeneral la ak yon avans 8 sekond sou atlèt ki vinn imedyatman deyè l la; sa prèske garanti misye yon 3èm tit.

Kanta britanik Cavendish, sa fè 4èm etap li ranpòte nan Tour de Frans edisyon 2010 la. Kous la ap fini dimanch 25 jiyè a sou plas Champs Elisees nan vil Pari.

XS
SM
MD
LG