Accessibility links

Breaking News

Lachin Ap Ouvè Gran Miray Dife a Pou Je Olenpik yo

Canada's Brady Leman, Canada's Kristofor Mahler, Russia's Igor Omelin, and Switzerland's Alex Fiva in action during the men's ski cross at the FIS Ski Cross World Cup, Genting Snow Park, Zhangjiakou, China, Nov. 27, 2021.

Otorite chinwa yo pwomèt pou yo kite atlèt etranje yo gen aksè ak entènèt san restriksyon pandan Je Olenpik Ivè mwa Fevriye 2022. Men moun k ap defann dwa moun fè konnen atlèt yo ka pran anpil prekosyon nan jan y ap pwofite ouvèti sa a ke La Chin pa fè fasil nan sa l rele "Gran Miray Dife a."

La Chin t ap ranfòse Miray Dife sa a depi plis pase yon dizèn lane, kote li bloke aksè nan app etranje ke moun renmen anpil pou voye mesaj, platfòm medya sosyal yo, machin rechèch yo ak sit entènèt ke li konsidere kòmkwa yo ka menase sekirite nasyonal.

The athletes' village for the Winter Olympics Beijing 2022 is seen from above, in Zhangjiakou, Hebei province, China, Nov. 20, 2021.
The athletes' village for the Winter Olympics Beijing 2022 is seen from above, in Zhangjiakou, Hebei province, China, Nov. 20, 2021.

Nan yon deklarasyon ke li imèl bay LaVwadlamerik, Komite Olenpik Entènasyonal la konfime ke LaChin, kòm peyi k ap òganize Je Olenpik Peken 2022-yo, pwal onore yon pwomès pou l kite atlèt yo ak medya etranje ki akredite nan peyi a al nan entènèt alèz nan Vilaj Olenpik la e nan otèl ke li peye pou resevwa medya yo.

Spectators watch the competition during the FIS Ski Cross World Cup 2022, part of a 2022 Beijing Winter Olympic Games test event at Genting Snow Park in Chongli county, Zhangjiakou city, China's Hebei province, Nov. 27, 2021.

LaChin te debloke Gran Miray Dife li a pou sèten vizitè etranje nan kèk lokalite nan plizyè okazyon nan dizèn lane ki pase a.

XS
SM
MD
LG