Accessibility links

Breaking News

Lachin ak Kore Di Sid Rapòte Plis Ka Moun Ki Afekte ak Kowonaviris la nan Lemond


Timoun kou gran moun nan Hong Kong, yon teritwa chinwa, ki pote mask pou pwoteje tèt yo kont Kowonaviris la.
Timoun kou gran moun nan Hong Kong, yon teritwa chinwa, ki pote mask pou pwoteje tèt yo kont Kowonaviris la.

Lachin ak Kore di Sid rapòte plis ka nouvo Kowonavirus pou madi 25 fevriye 2020 an, pandan mache bousye nan Japon an te gen yon lòt move sesyon apre yon jou pèt mondyal ak apre Prezidan Etazini Donald Trump te mande Kongrè a 2 milya edi dola pou konbat epidemi an.

Otorite chinwa yo fè konnen te gen 71 nouvo ka lanmò ak 508 nouvo ka nan peyi a, sa ki fè bilan total moun ki mouri nan peyi a depi epidemi an te eklate a, sa gen 2 mwa, nan plis pase 2 mil 663 mò ak 77 mil 500 mounki enfekte.

Peyi ki pran plis kou apa de Lachin se Kore di Sid, kote kantite total ka maladi a moute nan anviwon mil, jodi a, ak 10 mò.

XS
SM
MD
LG