Accessibility links

Breaking News

Lachin ak Brezil Pral Ranfòse Rapò Ekonomik yo


Minis komès peyi Lachin, Chen Deming, anonse plan sektè komès ak endistri a nan peyi li genyen pou li ogmante envestisman l ap fè o Brezil, pi gwo ekonomi nan rejyon Amerik-di-Sid-la.

Pandan minis Chen t ap fè yon vizit nan kapital Brezil la, Brazilya, yè lendi-a, li te rankontre ak minis afè etranjè brezilyen an, Antonio Patriota, e ak minis komès la, Fernando Pimentel. Mesye Chen pa bay presizyon sou fason òm-dafè chinwa yo pral ogmante envestisman yo nan Brezil.

Minis komès brezilyen an di yo te abòde tou desizyon pou peyi yo sèvi ak divès lòt lajan nan plas dola ameriken an nan tranzaksyon kap fèt sou mache entènasyonal la . Sa pa gen lontan, Lachin te replase Lèzetazini kòm pi gwo patnè komèsyal Brezil.

Lachin ak Brezil se 2 ekonomi nan lemond k ap fè pwogrè pi rapidman.

XS
SM
MD
LG