Accessibility links

Breaking News

La NAZA Make 25èm Anivèsè Eksplozyon Navèt Challenger


manm Challenger yo nan dat 28 janvye 1986
manm Challenger yo nan dat 28 janvye 1986

Ajans espasyal Lèzetazini an (La NASA) make 25èm anivèsè desaz navèt espasyal Challenger nan dat 28 janvye 2011 pase a nan Kennedy Space Center la, nan Eta Florid.

Navèt espasyal la te eksploze e aksidan sa a te touye 6 pasaje ki te abò a 73 segond sèlman aprè li te fin dekole. Pami viktim yo te gen pwofesè Christa McAuliffe, ki ta pral tounen premye pwofesè ki ale nan lespas nan kad yon pwogram La NASA te mete sou pye; jou sa anpil elèv lekòl t ap swiv evenman an atravè tout Lèzetazini.

Kòmandan Challenger la sete Dick Scobee. Madanm li, June Scobee Rodgers, se youn nan moun ki te patisipe nan seremoni ki make 25èm anivèsè eksplozyon navèt la vandredi 28 janvye pase a.

XS
SM
MD
LG