Accessibility links

Breaking News

La Kou Siprèm Peyi Myanmar Rejte Demand an Libète 2 Jounalis Reuters yo


2 jounalis Reuters yo Kyaw Soe Oo ak Wa Lone ki nan prizon nan Myanmar
2 jounalis Reuters yo Kyaw Soe Oo ak Wa Lone ki nan prizon nan Myanmar

La Kou Siprèm nan peyi Myanmar (ki se ansyen Birmani an) rejte apèl 2 jounalis Reuters ki te jwenn yon kondanasyon dèske yo te vyole sekrè leta peyi a.

Non 2 kondane yo se Wa Loe ak Kyaw Soe Oo. Yo tap fè repòtaj sou yon kanpay militè brital ki tap dewoule nan eta Rakhine e ki te oblije apeprè 700 mil mizilman Rohingya travèse fwontyè peyi a avek Bangladesh nan mwa Out 2017.

Lapolis nan Myanmar te arete 2 jounalis yo nan mwa desanm 2017 apre yon rankont yo te genyen avek 2 polisye nan yon restoran nan Yangon kote polisye yo te ba yo yon kantite dokiman.

Jounalis yo tap mennen ankèt sou masak polisye ak solda te komèt sou 10 Rohingya nan vilaj Inn Din. La jistis te jwenn jounalis yo koupab nan mwa septanm ane pase e yo resevwa yon santans pou yo pase 7 tan nan prizon.

XS
SM
MD
LG