Accessibility links

Breaking News

La Jistis Ameriken Pral Efase Kondanasyon 2 Moun ak Koneksyon ak Asasina Malcolm X


Foto Achiv: Muhammad Aziz, yon sispek nan asasina Malcolm X mache ak detektiv lapolis nan Nouyok, 26 Fev. 1965.
Foto Achiv: Muhammad Aziz, yon sispek nan asasina Malcolm X mache ak detektiv lapolis nan Nouyok, 26 Fev. 1965.

Nan Nouyok, 2 sou 3 moun la jistis te kondane pou asasina Malcolm X. Mesye sa yo pat janm sispann ensiste pou di yo inosan nan zak sa a ki fet an 1965.

Pwokire Manhattan nan pibliye yon mesaj sou Twitter jodi Mekredi a, kote li fe konnen limenm ak avoka devans yo gen entansyon mande tribinal la kite tonbe akizasyon kont Muhammad Aziz, 83 zan ak defen Khalil Islam.

Jounal New York Times rapote ke pwokire yo di otorite yo te kenbe sekre kek prev yo te genyen an koneksyon ak asasina lide dwa sivil la.

Tribinal la gen pou fikse yon dat Jedi pou sa fet.

N'ap raple ke Malcolm X te mouri pa bal pandan li tap tanmen yon diskou nan Audubon Ballroom nan katye Harlem nan Nouyok.

XS
SM
MD
LG