Accessibility links

Breaking News

La Jistis Ameriken Asiyen Zanmi Ex-Prezidan Trump Steve Bannon pou Deli


Foto Achiv: Ansyen stratejis Lamezonblanch Steve Bannon poze pou yon foto pandan yon entevyou ak Associated Press.

Steve Bannon, yon asosye ansyen prezidan Donal Trump depi lontan ap fe fas jodi ak yon pwosè la jistis pou deli apre li deside defye demann yon komite Kongrè a kap mennen ankèt sou revolt ki te fèt nan Kapitol la 6 Janvye pase a.

Depatman Jistis la fè konnen Vandredi 12 Novanm gen 2 chèf d'akizasyon kont Bannon poutèt li refize parèt devan komite Kongrè a pou bay temwayaj. Lot akizasyon an se paske li refize remè t bay komite a, dokiman li mande yo.

Li poko klè kilè Bannon dwe parèt devan tribinal.

XS
SM
MD
LG