O Japon, otorite yo di peyi a pèdi plas li kòm 2èm pi gwo ekonomi nan lemond nan 2èm trimès ane 2010 la e se Lachin ki ranplase l.
Rezon an se paske kwasans ekonomi japonèz la ralanti pou l atenn yon nivo kote se ti pa ti pa l ap avanse.
Biwo kabinè ministeryèl japonè a fè konnen lendi 16 out la PNB a (Pwodui Nasyonal Bri a) te anrejistre yon kwasans 0,4% ant kòmansman mwa davril la ak fen mwa jen an, tandiske kwasans la te 4,4 % pou premye trimès la, swa ant kòmansman mwa janvye ak fen mwa mas 2010 la.