Accessibility links

Breaking News
Azi

La Chin Louvri Jezolenpik yo, Malgre Restriksyon COVID, Boykotaj


Ekip atlet Ayisyen yo pandan seremoni ouveti Jezolenpik Peken yo, 4 Fevriye 2022.
Ekip atlet Ayisyen yo pandan seremoni ouveti Jezolenpik Peken yo, 4 Fevriye 2022.

La Chin envite mond lan pou'l vinn asiste Jezolenpik yo.

Peken pwofite premye Je Ivè yo pou bay aspirasyon li yo sou plan entènasyonal la plis anplè.

Fwa sa a li gen plis pouvwa ak plis enfliyans mondyal, ak yon gouvènman sèl kòk chante ki te lakoz kèk lidè deside rete lakay yo.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping te louvri Jezolenpik yo pandan yon seremoni ki te gen yon tèm ble glas epi imaj sezon ivè a.

Atlèt Zhao Jiawen ak Dinigeer Yilamujiang te pote flanm OLenpik la.
Chwa Dinigeer, ki se moun etni Uyghur, trè senbolik paske kritik yo di la Chin abize epi maltrete pèp sa a anpil.

Apre yo te limen flanm lan, Peken te tounen premye vil nan mond lan ki òganize Jezolenpik ivè ak ete.

XS
SM
MD
LG