Accessibility links

Breaking News
Azi

La Chin, Etazini Dakò Pou Soulaje Restriksyon Sou Jounalis yo


Foto Achiv: Jounalis Wall Street Journal yo kwoke koleg yo anvan yo pati kite la Chin, nan ayewopo entenasyonal Peken an, 28 Mas, 2020.
Foto Achiv: Jounalis Wall Street Journal yo kwoke koleg yo anvan yo pati kite la Chin, nan ayewopo entenasyonal Peken an, 28 Mas, 2020.

La Chin ak Lezetazuni dakò pou soulaje restriksyon yo te enpoze sou jounalis 2 peyi yo nan moman tansyon ant peyi sa yo sanble soulaje yon ti kras.

Se jounal ofisyel Chinwa a ki anonse nouvèl la jodi Mekredi a. Li di antant la fèt pandan rankont o somè virtyèl lidè Chinwa a, Xi Jinping te genyen ak Prezidan Ameriken Joe Biden Mari.

Restriksyon kont anplwaye medya yo te lakoz tansyon ant 2 peyi yo pandan plis pase yon lane. Dapre nouvo antant la, Etazini pral bay jounalis Chinwa yo viza ki pèmèt yo antre soti nan peyi a plizyè fwa.

Repòtaj la di la Chinn limenm pral aji meman parèyman ak jounalis Ameriken yo, apre nouvo politik Ameriken an antre ann aplikasyon. Tou le 2 peyi yo pral dispoze viza medya pou jounalis yo kap "baze sou lwa ak règ pwopis yo."

XS
SM
MD
LG