Accessibility links

Breaking News

Peyi Oksidantal yo (Manm l'OTAN yo) Kontinye Ekspilse Diplomat Larisi yo


Drapo peyi-manm l'OTAN yo kap flote devan katye-jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl, Peyi Beljik. (Foto Achiv).
Drapo peyi-manm l'OTAN yo kap flote devan katye-jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl, Peyi Beljik. (Foto Achiv).

L'OTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò) anonse li pral mete deyò 7 diplomat peyi Larisi e li pral refize aksepte lèt de kreyans 3 nouvo diplomat nan kad sa otorite yo nan l'OTAN konsidere kòm "yon repons entènasyonal elaji, dyanm e kowòdone" yap bay Larisi poutèt peyi sa a ta lanse yon atak ak pwazon chimik kont yon ajan-doub ris ak yon pitit-fi li sou tèritwa britanik la.

Sekretè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg -ki tap abòde dosye a nan jounen madi 27 mas la-- deklare:

Sekretè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg, ki tap pale nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl (Foto: AP/Virginia Mayo).
Sekretè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg, ki tap pale nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl (Foto: AP/Virginia Mayo).

<< Jodi a mwen pran desizyon pou m anile akreditasyon 7 diplomat Larisi nan l'OTAN; an menm tan tou, mwen refize resevwa lèt de kreyans 3 nouvo diplomat ris ki te an konsiderasyon... Desizyon sa yo ap voye yon mesaj klè bay otorite yo nan Moskou pou di yo konpòtman innakseptab yo a genyen move konsekans; paske yap peye yon pri pou sa. >>

Anfen Misye Stoltenberg di l'OTAN wete 10 manm nan misyon diplomatik ki reprezante Larisi nan òganizasyon atlantik la; kantite a sòti nan 30 pou l desann nan 20 diplomat.

XS
SM
MD
LG