Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Lèzetazini Renouvle Rapò li avèk Palestinen yo, Kore Pwosesis Nòmalizasyon Lyen ant Arabi Sawoudit ak Izrayèl

Nan foto sa a ke pale wayal Saoudyen an pibliye, Prens Saoudyen Mohammed bin Salman, a dwat, salye Prezidan Joe Biden, apre li rive nan pale Al-Salam nan nan vil Jeddah, Arabi Saoudit, Vandredi 15 Jiye, 2022.
Nan foto sa a ke pale wayal Saoudyen an pibliye, Prens Saoudyen Mohammed bin Salman, a dwat, salye Prezidan Joe Biden, apre li rive nan pale Al-Salam nan nan vil Jeddah, Arabi Saoudit, Vandredi 15 Jiye, 2022.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, twouve l nan Jeddah, nan Arabi Sawoudit, ki se dènye etap yon toune nan Mwayen Oryan an, e kote li te rive apre yon vòl dirèk te pran l ann Izrayèl kèk èdtan apre Wayòm Sawoudyen an te anonse ouvèti espas ayeryen li pou “tout avyon”, sa ki mete fen nan entèdiksyon vòl ki prale ou k ap sòti Izrayèl.

Desizyon sa a reprezante yon jès Riyad poze nan kad yon pi gwo rapwochman ant Izrayèl ak mond arab la, nan moman gouvènman peyi arab yo ap mete tèt yo ansanm kont menas Iran poze yo. Pou Biden, rapwochman sa a fè pati efò administrasyon l nan ap deplwaye pou Mwayen Oryan an tounen yon rejyon ki pi entegre e pi stab.

Prezidan Palestinyen an Mahmour Abbas ak Prezidan Etazini Joe Biden nan vil Bethlehem, Vandredi 15 Jiye 2022.
Prezidan Palestinyen an Mahmour Abbas ak Prezidan Etazini Joe Biden nan vil Bethlehem, Vandredi 15 Jiye 2022.

Nan yon deklarasyon Biden fè, li di:

“Desizyon Arabi Sawoudit la kapab ede ranfòse plis toujou entegrasyon Izrayèl nan rejyon an.”

Deklarasyon sa a konsènen tou Arabi Sawoudit, sa ki fè konprann li posib pou gen yon nòmalizasyon diplomatik nan rapò ant 2 peyi yo, nòmalizsayon ki ta reprezante pi gwo elajisman Akò Abraham yo ke pati konsène yo te siyen sou gouvènman Trump la.

See all News Updates of the Day

Etazini Ak Alye li Yo Ap Travay Sou Sanksyon Kont Iran

FILE PHOTO: G7 summit in Hiroshima
FILE PHOTO: G7 summit in Hiroshima

Etazini di l ap travay ak alye li yo sou yon repons kowòdone pou atak ak dronn e ak misil ke Iran te lanse sou teritwa Izrayèl pandan wikenn nan. An menm tan, li kontinye ekzòte Izrael pou li mete dlo nan diven li e evite limen yon konfli pi laj.

Prezidan Joe Biden ap « kòdone ak alye e ak patnè li yo, pami yo Gwoup G7 la, e ak lidè tou 2 pati yo nan Kongrè a, sou yon repons global, » se sa konseye sou sekirite nasyonal Jake Sullivan di nan yon deklarasyon.

Etazini pwal enpoze nouvo sanksyon ki vize Iran nan jou ki ap vini yo, pou repete Sullivan, antwòt pwogram misil ak dronn li a ak tout gwoup ki sipòte Kò Gad Revolisyonè Iran an ak Ministè Defans Iran.

Li di tou Etazini pwal akselere pwogram sistèm defans aeryen li pou bare misil ak dronn.

Responsab nan alantou Biden mande plizyè fwa pou kalme tansyon an. Prezidan an « pa vle wè yon gè ak Iran, pa vle wè konfli a laji, » se sa pòtpawol Mezon Blanch pou sekirite nasyonal John Kirby di jounalis ayè madi a.

--

Izrayèl di lap Reflechi sou Repons li Pral Bay Iran pou Dig Dal Misil ak Dron li Lanse Kont li

Izrayèl di lap Reflechi sou Repons li Pral Bay Iran pou Dig Dal Misil ak Dron li Lanse Kont li
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:41 0:00

Izrayèl anonse li pral reponn atak Iran lanse kont li a kote li lapide l ak misil epi dron. Sandra Lemaire gen detay.

Iran di Nenpòt Aksyon Izrayèl Ta Fè Kont Enterè li yo, Yap Reponn Yo "Dan Pou Dan"

Iran Mideast Tensions
Iran Mideast Tensions

Minis Zafè Etranje Iranyen an Hossein Amirabdollahian te di lendi 15 avril la, nenpòt atak vanjans Izrayelyen yo ta fè kont Iran ta pral rankontre ak yon repons "imedya e grav", deklarasyon sa yo fèt yon jou apre Teheran te lanse plizyè santèn dron ak misil kont Izrayèl.

Atak Iran an - te lanse kòm vanjans pou yon atak aeryen yo di Izraelyen yo te fè sou anbasad li a nan Damas nan dat 1ye avril - sa ki te mete laperèz pou lagè ant Izrayèl ak Iran pa kòmanse.

Yon ti fi 7-zan te viktim nan atak sila.

Men Sistèm Defans Iron Dome Izrayèl la te elimine pifò atak yo ak èd Etazini, Grann Bretay, ak Lafrans .

Lendi, Chèf Etaf militè Izrayèl la, Herzi Halevi, te di ke peyi a pral reponn a atak la, men li pa bay okenn detay.

Adjwen Minis Zafè Etranje Iran an, Ali Bagheri Kani, te di nan televizyon leta lendi swa ke repons Teheran an apre nenpòt vanjans Izrayelyen ta rive an segonn, pa èdtan.

Chèf Militè Izrayèl la di Peyi a Pral Reponn Atak Iran an

Manifestan Iranyen pote model yon misil nan Teheran, 15 Avril 2024.
Manifestan Iranyen pote model yon misil nan Teheran, 15 Avril 2024.

Chèf militè Izrayèl la di peyi li pral reponn atak ak misil Iran te lanse kont yo wikèn pase a. Sepandan li pa bay detay sou kilè ni kijan.

Lyetnan Jeneral Herzi Halevi deklare Lendi ke Izrayèl ap reflechi sou pwochen etap li pral pousuiv yo, e ke atak ak mizil Iranyen an ak dron yo lanse "pral jwenn repons".

Halevi te pale konsa pandan yon vizit li te fè nan baz aviyasyon Nevatim la, ke Izrayèl di sibi dega leje nan atak Iranyen an.

Premye Minis Benjamin Netanyahu rankontre responsab wo plase gouvènman an pou diskite yon yon repons posib.

Lidè mondyal yo ankouraje Izrayèl pou l pa reponn atak Iran an, kote Teheran te lanse plizyè santèn dron, misil balistik ak misil kwazyè kont Izrayèl.

Etazini Ede Izrayel Desann Dron ak Misil Iran Lanse Kont li

Etazini Ede Izrayel Desann Dron ak Misil Iran Lanse Kont li
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:08 0:00

Lezetazini ap mete aksan sou wòl lap jwe nan jefò pou ede Izrayèl kwape atak ayeryen Iran te lanse kont li.

Load more

XS
SM
MD
LG