Accessibility links

Breaking News

Kwasans Popilasyon Mondyal la, Kreye Defi, Ofri Bèl Opòtinite


Yon foul moun nan parad techno vil Berlin ki rele "Rave The Planet", nan peyi Almay, 9 Jiye, 2022.
Yon foul moun nan parad techno vil Berlin ki rele "Rave The Planet", nan peyi Almay, 9 Jiye, 2022.

Dènye Pwojeksyon an dat Nasyonzini fè sou popilasyon mondyal la prevwa pral genyen 8 milya moun sou Planèt Tè a disi mwa novnam nan epi popilasyon an pral grandi pwogresivman pou l rive 8 milya 500 milyon moun anvan l an 2050; finalman li pral atenn preske 10 milya kretyen vivan vè 2080. Kwasans sa a pral mache avèk kèk enplikasyon ekonomik ak enviwonnmantal trè enpòtan.

Kwasans lONU prevwa a pa epapiye yon fason egal-ego atravè lemond. Nan kèk rejyon –tankou Lazi Oryantal ak Lazi Sidès- popilasyon an pral diminye, tandiske Amerik di Nò ak Lewòp pral anrejistre yon pwogrè, menmsi li pral fèt dousman. Pi gwo ogmantasyon popilasyon an pral fèt nan Afrik ki anba Sahara a avek Azi Santral ak Azi di Sid.

Lè Latè va gen 8 milya moun, sa pral maske yon verite, sè ke nan lemond antye, popilasyon an ap grandi ak pi piti vitès la depi ane 1950 yo. 2 tyè nan tout popilasyon an ap viv aktyèlman nan rejyon kote to fètilite a, ke yo mezire selon kantite pitit yon fanm fè, bese rive pi ba pase to ranplasman an ki se 2,1. Nan anpil ka, se politik gouvènman yo ki pwovoke bès nan to kwasans popilasyon an.

XS
SM
MD
LG