Ekonomi amerikèn nan ap pran yon kwasans yon ti jan pi rapid ke nan mwa Jiyè-Out-Septanm nan pandan lavant kay yo yon ti jan monte nan mwa novanm pase a.
Rapò ki soti mèkredi 22 desnm 2010 la nan Depatman Komès Etazini an endike; Pwodui Enteryè Bru a ogmante pou rive nan yon mwayèn 2.6% nan 3e trimès la. Kèk ekonomis di gen anpil chans pou kwasans ekonomik la akselere nan dènye moman dènye trimès 2010 la , e kwasans sa a ap akselere ankò pi rapid an 2011.
Espesyalis yo di kwasans sa a jwenn yon bon boustè akoz akò kongrè a pran pou pwolonje desizyon pou koupe taks yo ak desizyon tou pou Bank Santral la kenbe to denterè yo ba.
Pi bon siy nan rapò a se ajan imobilye yo ki di lavant kay yo monte ak yon to 5.6 % nan mwa novanm nan konpare ak mwa septanm nan.