Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Kiltirèl Kwanzaa Kòmanse lè Nwèl Fini


Selebrasyon Kiltirèl Kwanzaa Kòmanse lè Nwèl Fini
Selebrasyon Kiltirèl Kwanzaa Kòmanse lè Nwèl Fini

Kwanza a se yon selebrasyon ke ou jwenn pami moun ki gen origin yo ann afrik, se yon fèt ki kòmanse 26 desanm, yon jou apre Nwèl. Selebrasyon sa baze sou rekòlt kilti afrikèn yo. Se yon moman pou moun chita bay blag ak fanmi yo e pale de kilti ke yo konnen depi ann afrik nan lantikite. Non an vle di “premye fwi-yo” nan lang Swahili.

Se yon savan afriken-ameriken ki te kòmanse fèt sa a an 1966. Non li se Maulana Karenga, li te yon aktivis nan Inivèsite Eta Kalifoni nan vil Long Beach. Li te fè vizyon selebrasyon an kòm yon fèt fanmi ak kominote.

Menm jan juif yo limen balèn pou Hanukkah, moun ki selebre Kwanzaa yo limen balèn tou pou 7 jou youn apre lòt jouk rive 1er janvye. 7 jou sa yo reprezante 7 prensip: Inite, Detèminasyon chak moun, Travay an komen ak responsabilite, Ekonomi an tèt ansanm, Misyon nou nan lavi, Kapasite pou-n kreye, epi Lafwa. Chak prensip sa yo gen istwa ansyen ak modèn ki ale ak yo, ansanm ak fab, ak avètisman – kidonk pawòl pou moun pa bliye nan lavi – e se epòk banbòch fèt ak kado.

Gen yon deba k ap fèt sou selebrasyon Kwanzaa. Dapre nouvèl yo, kantite moun k ap patisipe nan selebrasyon Kwanzaa chak ane, y-ap diminye. Gen afriken-ameriken ki menm di ke selebrasyon sa a pa nesesè ankò, paske Nwa-yo fin byen konnen fyète ras-la ak kilti-li. Men Kwanzaa la pi rèd. Anpil moun dakò ak li kòm premye fèt afriken-ameriken. Kominote afriken-ameriken yo kontinye selebre Kwanzaa ak fanmi yo san fè gwo bri ak sa.

XS
SM
MD
LG