Accessibility links

Breaking News

Kriz Politik nan Kòt-Divwa : Entèvansyon Peyi Afrik de Lwès yo


Kriz Politik nan Kòt-Divwa : Entèvansyon Peyi Afrik de Lwès yo
Kriz Politik nan Kòt-Divwa : Entèvansyon Peyi Afrik de Lwès yo

Yon gwoup prezidan peyi Afrik de Lwès pare pou yo mande prezidan ivwaryen an, Laurent Gbagbo, remèt pouvwa a epi aksepte rezilta eleksyon prezidansyèl yo ki montre se rival li a, Alassane Ouattara, ki ranpòte vòt mwa pase a.

Lidè peyi Syera Leyòn, Kap Vèr ak Benen prale nan Abidjan, kapital Kot-Divwa, madi 28 desanm 2010 la, nan non blòk ekonomik west-afriken an ki lanse menas pou l itilize lafòs si Misye Gbagbo pa kite pòs li.

Obsèvatè yo atann yo aske 3 lidè west-afriken yo ofri misye Gbagbo azil politik si li bay demisyon n.

Lendi 27 desanm nan rival misye Gbagbo a, Alassane Ouattara, te lanse apèl bay pèp la pou l fè yon grèv jeneral atravè tout peyi a pou fòse prezidan sòtan an kite pouvwa a.

Sepandan boutik ak magazen te rete ouvè nan kapital la, e lari yo te chaje ak moun jan sa toujou ye. Kèk anplwaye di, nan sitiyasyon ekonomik yo twouve yo jounen jodiya, yo pa kapab pèmèt yo rate yon jou travay.

Ni misye Gbagbo, ni misye Ouattara, kriye viktwa apre eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan mwa novanm nan. Laurent Gbagbo, k ap dirije Kot-Divwa depi 10 zan, fè konnen tout tantativ pou itilize lafòs pou wete l sou pouvwa a kapab deklanche yon lagè nan Afrik de Lwès.

Li fè deklarasyon sa a dimanch 26 desanm 2010-la nan yon entèvyou li bay jounal fransè Le Figaro.

XS
SM
MD
LG