Accessibility links

Breaking News

Kriz Politik la ap Anvlimen nan Libi


Libi
Libi

Nan Libi, rebèl k ap goumen pou yo ranvèse gouvènman Mohammar Kadhafi a fè konnen yon reprezantan lidè libyen an mande pou 2 kan yo fè negosyasyon, men dirijan mouvman rebèl la rejte apèl sa a.

Yon pòtpawòl rebèl yo ki pale madi 8 mas 2011 la konfime nouvèl konsènan òf gouvènman Kadhafi a; men li di rebèl yo pap negosye ak rejim an plas la. Mohammar Kadhafi, li menm, pa fè okenn deklarasyon sou pwopozisyon an.

Manm Konsèy Gouvènman Rebèl yo fòme nan vil Benghazi te rejte yon premye apèl pou dyalòg premye-minis libyen an, Jadallaj al-Talhi, te lanse. Rebèl yo te reponn pou yo di okenn negosyasyon lapè pa posib toutotan Kadhafi sou pouvwa a toujou.

XS
SM
MD
LG