Accessibility links

Breaking News

Kriz la ap Vinn Pi Grav nan Libi


Libi
Libi

Nan Libi, lidè peyi a, Mohammar Kadhafi fè konnen pèp libyen an pral pran lèzam kont peyi oksidantal yo si peyi sa yo pran desizyon pou yo tabli yon zòn entèdi kote avyon pap kapab vole nan Libi.

Nan yon entèvyou misye Kadhafi bay chèn televizyon peyi Tuki TRT e ki pase byen bonè mèkredi 9 fevriye 2011 la, li di yon desizyon konsa t ap fè libyen yo wè klè nan entansyon peyi oksidantal yo genyen pou yo mete men sou petwòl libyen an.

Yon lòt kote, nan yon mesaj ki pase sou televizyon Leta a nan Tripoli, Mesye Kadhafi repete yon deklarasyon li te deja fè pou l di se etranje ki pouse pèp la leve kont gouvènman n nan.

XS
SM
MD
LG