Accessibility links

Breaking News

Kritik Sou Rankont Prezidan Préval ak Kandida a la Prezidans yo


Prezidan René Préval kontinye rankontre ak kandida a la prezidans nan eleksyon ki gen pou dewoule 28 novanm pwochen an. Sepandan, pou anpil sektè, rezondèt rankont sa yo poko klè.

Nan Wo Plato Santral la, otorite lokal yo kritike gouvènman santral la dèske li pa mete travay nan peyi a pou l kenbe Ayisyen ann Ayiti. Sitiyasyon sa a pwovoke yon mizè ki fòse pitit peyi al chache travay kay vwazen nan Repiblik Dominikèn kote yo sibi move tretman. Otorite rejyonal yo lanse apèl pou mande gouvènman an pran sitiyasyon sa a an konsiderasyon.Tandis ke nan Ba Plato Santral kèk òm politik lanse apèl pou yo mande responsab òganizasyon pwochen eleksyon yo fè efò pou yo remèt yon bon travay 28 novanm 2010 la.

Yon lòt kote, lapolis ak lajistis nan peyi Dayiti pase a laksyon pou konbat krim divès kote sou teritwa nasyonal la. Se konsa nan Gonayiv komisè gouvènman an anonse jijman divès moun ki ta mele nan asasina yon komèsan byen koni nan Ennri --non viktim nan se Raymond Gustave-- tandis ke o Kap Ayisyen, lapolis mete men sou Willy Etienne ki anba akizasyon dèske li ta komèt divès kidnaping anpil kote nan peyi a.

Sou Il La Gonav, majistra kominal la bat bravo pou travay ONG entènasyonal World Vision (Vision sur le Monde) pa fè pou kore efò devlopman nan peyi a, e li kritike lòt ONG yo pou mank kolaborasyon yo avèk otorite lokal yo.

Anfen, nan sid peyi Dayiti, plizyè vwa leve pou mande respè pou dwa peyizan yo.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 8 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG