Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Gede, Je-Kreve,Tchovi


Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Gede, Je-Kreve,Tchovi
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Gede, Je-Kreve,Tchovi

2 novanm nan se fèt dè mò (nan peyi Dayiti) e pandan tout semèn-nan gede ap nan lari pou mande “je-kreve” e pase vivan (kretyen-vivan) an derizyon.

Gede, nan kilti ayisyen, se yon lwa nan relijyon, nan panteyon vodou a. Li abiye ak yon redengòt nwa, yon chapo “haut de forme" nwa nan tèt-li ak figi li badijonnen ak farinn. Sa’ fèm sonje gran ekriven martinikè Frantz Fanon "Peau Noire Masque Blanc"

Chantèz Selèb ayisyèn Lumane Casimir ak Carole Demesmin imòtalize espri sa a nan yon chante ki pati konsa "papa gede bèl gason, Gede Nibo, bèl gason...li abiye tout de nwa pou’l monte opalè. Lè l abiye tout de nwa li sanble yon depite, lè li abiye tout an blan li sanble yon senatè. Anye, papa gede, Anye gede Nibo, elatriye".

Pèchè d'latè ki pa konvèti pral pran plezi yo nèt pandan mwa novanm nan, paske yo pral nan Gede. Ale nan Gede, se pa ale yon kote ki rele "Gede". Non ! pa gen kote konsa ki egziste nan peyi Lakay. Sa’k egziste se lakou, se bitasyon, kote genyen hounfò, hounsi, manbo, gangan ki, pou fèt dè mò a (fèt gede a) ap fè dans, pou gede banbile, paweze e selebre / pou yon tan / viktwa tanporè yo sou lanmò.

Gede yo renmen piman ak "je-kreve". Si tout moun konnen piman, se pa tout moun ki konnen "je-kreve". Lè nou kwazwe yon gede ki mande’n yon je kreve, sa’l mande’n an reyalite, se lajan.

Nan tan lontan, se te 10 kòb, 25 kòb, degouden. Alèkile, gede evolye, mwen si yo pap aksepte je-kreve sa a nan men nou... se epòk enflasyon, lavi chè... Gede renmen tou pale de "tchovi".

Yon tchovi, nan langaj inisye yo, se yon ti bebe, yon ti lèzanj, yon timoun. Nan peyi Dayiti, zòt di Gede, se lwa, se espri timoun. Konprann, ki renmen "travay", ki renmen fè tretman pou timoun zòt di move zè, move moun “djoke” ou swadizan ap manje. Lè brav gede parèt, li kapab deside fè tretman pou ti tchovi a, pou wetire djòk la, pou geri-li.

Djòk nan lang kreyòl la, se sa franse a rele "le mauvais sort" la.

"Ou pa wè jan pitit la ap plede malad… Se Djoke yo djoke ‘l. Si ou pa pran byen avè l’, konsèy m'ta ba w monchè, wa’p pèdi pitit la".

Se menm jan tou, si yo di ou « Gladys, ou pa kapab kite pitit la ap deperi konsa la-a nan men ou, non. Fòk ou mete fanm sou ou, machè ! Fòk mete pye’ou nan Dlo...

Enben mezanmi, si ou pa pwotestan, depi ou tande koze mete pye nan dlo a, se pa al chèche yon kivèt pou’w foure pye ou ladan. Non ! Sa yo vle di ou : se chèche yon moun (yon lwa Gede, yon gangan, yon manbo) pou trete timoun nan.

Se te Kreyòl-pale, Kreyòl-Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste

NB: Fè yon klik sou ikon mp3 ki anwo, adwat paj wèb la, sou tèt foto prezidan M. Martelly a.

XS
SM
MD
LG