Nan epòk nap viv jounen jodi a, kote preske tout kote lajan monte bwa (menm nan peyi rich yo) se ak anpil difikilte pou moun monte chodyè, pou manman ak papa pitit fè fas ak obligasyon, ak responsablite yo vizavi timoun yo. Nan peyi Dayiti, sitiasyon kapab pi rèd toujou mwa sa a pou manman ak papa pitit yo (pou timoun yo tou) avèk rantre lekòl la.
Lajan monte-bwa, chodyè pa monte, chodyè pa ka monte, timoun pa ka al lekòl: figi granmoun kou ti moun frijèt… tout moun kagou, men nan machwè.
Lè m te timoun, mwen pat ka konprann twò byen koze lajan monte bwa a, lè pè Jòj (defen) te konn ap di pawòl sa a. Mwen te konn di: lajan pa gen pye, kouman papa m fè di li monte bwa a ? Enben, se te yon métaphore, yon allégorie, yon imaj lepè te anplwaye pou di lajan ra, li pap mache ni drive nan lari, li pa wè lajan, li pa gen kòb.
Ah, lajan monte-bwa, papa ! Lepè a te aprann mwen tou lajan pa donnen sou pye-bwa. Pye-bwa pa donnen lajan !
Lè mwen mande’l de dimanch youn apre lòt 1goud edmi pou m al nan festival Rex Teyàt pou m al tande Kadans-Rampa, li d’im: Ti gason, ou gen lè konprann mwen genyen yon pye-bwa map souke pou m jwenn lajan ba ou al gaspiye nan rans…
Se konsa, nan tan pa m granmoun te konn fè n konnen e fè n konprann ya’p travèse yon move pass, yo pa genyen kòb. Nou te kapab konprann sa tou, lè nou wè chodyè pa monte.
Chodyè pa monte, vle di pa genyen kòb pou voye nan mache, pa gen mwayen pou achte manje; kidonk, chodyè pa monte dife, yo pa fè manje, pwen-ba !
Fransè a ta di: Quel euphémisme ! pou zòt pa di “yo pa ka fè manje, yo di senpleman “chodyè pa monte, chodyè pa desann”, yo pa monte chodyè…e sa’k pou konprann ap konprann paske “kreyòl-pale, kreyòl-konprann”.
Men fòk nou pa konprann monte chodyè ak “chodyè monte”. Yon chodyè monte, se yon chodyè ranje, dapre kwayans anpil moun nan peyi Dayiti. Monte vle di anpwazonnen. E m pap konseye okenn moun (kit ou kwè, kit ou pa kwè) al foure men li nan chodyè konsa, paske se kapab dènye fwa lap tande emisyon sa a…
Wi, mezanmi, lè paran ap fè fas ak pwoblèm kòb, pa kapab bay timoun yo manje, ni voye yo lekòl, figi yo kapab frijèt. Frijèt, se yon mo ki eksprime “état-d’âme” moun nan nan moman nap pale a, ekspresyon vizaj, figi li anfas pwoblèm lap viv kounye a. Se yon ekspresyon dezespwa, dezolasyon, tristès. Li tris, li pa kontan.
Se menmman-parèyman pou kagou.
Mezanmi, kouman mwen Jacques kagou konsa a semèn sa-a ? Sa k pase misye menm?
Monchè li pa genyen anyen: razè l razè, kòb li pa genyen. Depi l pa gen kòb nan pòch li, li kagou, li dekouraje, li tris. Kagou kapab vle di tou delala, demoralize, deprime, san jèvrin.
Depi li aprann lanmò papa l nan goudougoudou, misye kagou… ou konnen kijan li te renmen papa l ?
Kagou, nan ka sa a vle di: abattu, dekouraje, demoralize, deprime.
Se te kreyòl-pale, kreyòl konprann Kreyòl-konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.
NB:Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo, adwat paj web la, pou ou koute segman sa a.