Accessibility links

Breaking News

Kantite Nouvo Ka Kowonaviris yo Pa Sispann Monte Ozetazini - Prezidan Trump di "Lavi Plizyè Milyon Moun Sove"


Prezidan Donald Trump ki t ap pale pandan yon pwendprès nan La Mezon Blanch jedi 2 jiyè 2020 an nan Washington.
Prezidan Donald Trump ki t ap pale pandan yon pwendprès nan La Mezon Blanch jedi 2 jiyè 2020 an nan Washington.

Daprè nouvèl ki sòti nan La Mezon Blanch, nan moman Lèzetazini kontinye tabli nouvo rekò chak jou pou kantite ka enfeksyon viris KOVID-19 la, Prezidan Donald Trump chante lwanj, yon fwa ankò, pou administrasyon l nan poutèt jan li jere pandemi kowonaviris la, kote li pran kredi (sètadi li fè konpliman pou tèt li ankò) daprèzavwa “nou rive sove lavi plizyè milyon moun. Nan plizyè okasyon nou reyalize yon travay moun pa ta kwè.”

Nan jounen mèkredi premye jiyè 2020 an, otorite lasante yo te rapòte plis pase 50 mil nouvo ka enfeksyon kowonaviris nan peyi a, swa pi gwo kantite nouvo ka enfeksyon pou yon sèl jou depi pandemi an te eklate Ozetazini. Vrèmanvre, mèkredi pase a 6 eta ameriken te anrejistre yon chif rekò nan kantite moun ki trape viris KOVID-19 la jou sa a: Alaska, Arizona, Kalifòni, Jòji, Kowolin di Nò avèk Tekzas.

XS
SM
MD
LG