Accessibility links

Breaking News

Lachin-Sante / Kantite Nouvo Ka Kowonaviris yo Kontinye Bese

Minis Afè Etranjè chinwa a, Wang Yi, ki t ap bay yon konferans pou laprès sou epidemi kowonaviris la nan vil Vyennsyàn, nan Laos, nan okazyon yon rankont chèf diplomasi peyi manm Asosyasyon Eta Azi Sid-Es yo, jedi 20 fevriye 2020 an (Foto: AP/Sakchai Lalit).

Direktè jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Tedros Adhanom Ghebreyesus, deklare jedi 20 fevriye 2020 an dènye estatistik an dat Lachin pibliye e ki montre kantite nouvo ka maladi kowonaviris la kontinye bese, se yon nouvèl ki ba l ankourajman; sepandan li ajoute efò k ap fèt pou konbat viris la dwe kontinye san rete. Misye Tedros Ghebreyesus fè konnen “tandans sa a ban nou ankourajman; men se pa le moman pou n ralanti sou kous nou.”

Lidè OMS la pale konsa nan okazyon yon pwendeprès li bay chak jou sou viris la nan Jenèv, nan Peyi Lasuis. Daprè li, pi fò ka yo anrejistre andeyò tèritwa chinwa a toujou rete konparativman ba; sepandan li lanse avètisman sa a: “Sa ka pa rete konsa pandan lontan.” Li fini pa di OMS lanse 2 esè klinik pou l trete viris mòtèl la e li espere resevwa “rezilta preliminè yo nan 2 semèn.”

Direktè jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante Tedros Adhanom Ghebreyesus.
Direktè jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante Tedros Adhanom Ghebreyesus.

Lachin rapòte pi gwo bès la jiskaprezan nan nouvo ka kowonaviris la ki touye plispase 2 mil moun nan peyi a depi epidemi an te eklate sa gen plis pase 2 mwa. Komisyon Sante Nasyonal la nan peyi a fè konnen pou jounen mèkredi 19 fevriye a yo anrejistre sèlman 394 ka konfime epidemi COVID-19 la (maladi koronaviris 2019), swa yon gwo bès lè w konpare chif sa a ak kantite mil 749 yo te anrejistre pou jounen anvan an; se pi gwo bès depi mwa pase a. Kantite moun ki mouri yo monte rive 2 mil 118 aprè viris la fin touye yon afè de 114 lòt moun, tandiske kantite total ka moun kit rape viris la monte rive 74 mil 576.

Yon spesyalis lasante ap pran tanperati yon nèg pandan lapolis ap tcheke dokiman li nan ayewopò vil Wouhann, nan Lachin, ki se sant epidemi kowonaviris la.
Yon spesyalis lasante ap pran tanperati yon nèg pandan lapolis ap tcheke dokiman li nan ayewopò vil Wouhann, nan Lachin, ki se sant epidemi kowonaviris la.

Otorite chinwa yo redi pou yo anpeche nouvo maladi kowonaviris la pwopaje depi yo te tetekte l pou la premyè fwa an desanm 2019 nan vil Wuhann, nan pwovens Hubei. Yo mete pwovens la an karantèn kote preske tout transpò koupe pou machin, tren ni avyon pa ni sòti ni ale nan Wouhann ak anpil lòt vil. Batay mondyal k ap dewoule kont viris la ranfòse nan vil Daegou, nan Kore di Sid, yon vil 2 milyon 500 san mil moun ki resevwa lòd pou yo pa sòti, rete anndan kay yo e kontinye mete mask nan figi yo pandan yo anndan an. Nan jounen jedi 20 fevriye a yo rapòte 35 (trennsenk) nouvo ka nan Daegou aklòt ti vil ki touprè l yo.

SITIYASYON AN OZETAZINI

Sa gen 2 semèn Lèzetazini te evakye plis pase 160 sitwayen ameriken ki te nan sant epidemi kowonaviris la, an palan de vil Wouhann, nan peyi Lachin, kote yon avyon charter t al chache yo; otorite yo te deside mete yo lwen rès sosyete a, sou baz ayeryèn Miramar, yon enstalasyon Kò Mèrin nan, nan vil San Diego, Eta Kalifòni. Mizankarantèn nan te pran fen madi 19 fevriye a aprè yo te teste 160 moun yo e pa t gen siyn ki montre yo te genyen viris ki bay maladi a.

CDC (Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi Ozetazini) di otorite lasante yo ap veye de prè evolisyon sitiyasyon moun ki an karantèn yo pou anpeche maladi a pran pye nan peyi a. Yo anrejistre kèk ka trè izole nan yon kantite eta trè limite.

An plis de 160 sitwayen ameriken sa yo, 60 lòt moun ki te kite Lachin nan yon lòt avyon, toujou rete an karantèn. An tou gen yon afè de 5 mil sitwayen ameriken ki toujou an karantèn o Zetazini. Pou gouvènman an ede yo jwenn yon kote pou yo santi yo alèz –menmsi yo pa lakay yo- li mete a la dispozisyon yo 15 baz militè nan diferan eta nan peyi a.

XS
SM
MD
LG