Accessibility links

Breaking News

Maladi Kowonaviris la Kontinye Panike Otorite yo Atravè Lemond


Fanm mizilman ki itlize mask pou pwoteje tèt yo kant maladi kowonaviris la nan vil Najaf, nan Iraq, mèkredi 11 mas 2020.

Nan Washington, kapital Lèzetazini, preokipsyon otorite federal yo ap ogmante plis chak jou nan moman kantite moun ki trape maladi a sou teritwa ameriken an rive depase mil de san (1200) avèk 37 ka lanmò. Doktè ki responsab an chèf Enstiti Nasyonal Sante Ameriken an (NIH), Anthony Fauchi, deklare:

“Mwen kapab di nou kantite ka nou anreistre yo pral ogmante e sitiyasyon an pral pi mal pase jan sa ye kounyela a.”

Direktè Enstiti Nasyonal Sante Etazini an (NIH), Doktè Anthony Fauci, ki lanse avètisman pou l di "sitiyasyon an pral vin pi grav."
Direktè Enstiti Nasyonal Sante Etazini an (NIH), Doktè Anthony Fauci, ki lanse avètisman pou l di "sitiyasyon an pral vin pi grav."

Yon lòt kote, pou govènman federal la ak gouvènman vil yo reyaji devan maladi kowonaviris la, yo pran desizyon pou yo mete limit sou kantite moun ki ka reyini yon kote yon fason pou yo ralanti pwopagasyon viris la.

Nan Eta Washington, otorite yo pran yon desizyon ki anpeche plis pase 250 moun rasanble yon sèl kote anndan vil Seattle oubyen nan zòn ki ozalanstou vil la. 24 moun pou pi piti mouri nan Washington, eta ki plis sibi anba viris –pi fò nan viktim yo t ap viv nan zòn metwopolitèn Seattle. Entèdiksyon sa a pral afekte plis pase 4 milyon moun.

Nan San San Francisco, nan Kalifòni, otorite vil la ak otorite nan komin ki touprè l yo mete entèdiksyon sou rasanbleman kote mil moun ou plis ke mil moun reyini. Ekip baskètbòl vil la, The Golden State Warriors, anonse nan jounen mèkredi 11 mas la ke match li gen pou jwe jedi swa a devan Brooklyn Nets pral dewoule san piblik.

Nan vil Washington D.C., otorite vil lanse yon konsèy prese pou yo mande ranvwaye tout rasanbleman ki ka reyini mil moun o-mwen si yo pa esansyèl. Rekòmandasyon sa a pral rete valab pou jous fen mwa mas la.

Yon lòt kote, OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) diside, nan kòmansman jounen mèkredi 11 mas, pa le fet ke maladi a prezan sou plizyè kontinan, se pa yon epidemi ankò, men yon pandemi ki a-cheval sou plizyè pati di mond. Direktè jeneral OMS la, Tedros Ghebreyesus, eksplike pou kisa:

Direktè-jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki t ap bay yon konferans poulaprès sou maladi COVID-19 l nan katye jeneral OMS la nan vil Jenèv, an Suis, mekredi 11 mas 2020.
Direktè-jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki t ap bay yon konferans poulaprès sou maladi COVID-19 l nan katye jeneral OMS la nan vil Jenèv, an Suis, mekredi 11 mas 2020.

“Oganizasyon an ap evalye fenomèn nan 24 sou 24 e nou genyen gwo preokipasyon poutèt l ap pwopaje vit konsa, poutèt li kreye gwo pwoblèm e poutèt gwo endiferans, mank aksyon nou konstate anpil kote. Nan jou ak semèn k ap vini yo, nou prevwa kantite nouvo ka enfeksyon yo, kantite moun k ap mouri yo, ak kantite peyi ki viktim yo pral ogmante anpil-anpil. Poutèt sa e baze sou evaluasyon nou, nou deside ke COVID-19 genyen tout karakteristik yon pandemi.”

Anfen gouvènman yo toupatou atravè lemond ap eseye pran dispozisyon pou yo fè fas ak pandemi an ki rive afekte plis pase 118 mil moun depi li te parèt nan mwa desanm 2019 la, tandiske li deja koze lanmò 4 mil 300 kretyen-vivan nan anviwon 115 peyi.

XS
SM
MD
LG