Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou Kowonaviris: Fason Paran yo Kapab Ede Pitit yo Evite Trape Maladi KOVID-19 la


Si, an plis timoun yo, genyen nan kay la moun aje k ap soufri ak sa doktè yo rele “maladi grav ki poze gwo risk pou moun sa yo trape kowonaviris (maladi tankou opresyon, tansyon, yon dyabèt ki deja rive nan yon stad avanse oubyen yon tous kwonik, ki pa vle pase) nan yon ka konsa paran yo dwe pran dispozisyon pou yo deplase timoun yo epi mete yo yon kote ki lwen ak granmoun ki malad yo.

Sa doktè yo rele “yon maladi grav ki poze gwo risk”, se sitiyasyon tout moun ki fasil pou trape maladi a si yo ekspoze anba enfeksyon viris la. Gen moun ki pi predispoze pase lòt pou yo soufri ak yon vèsyon grav KOVID-19 la -sa vle di yo ka bezwen al entène lopital, yo ka bezwen swen entansif oubyen ankò yo ka bezwen yon vantilatè pou ede yo respire; oubyen tou se kapab yon moun ki tèlman malad grav, li byen kapab mouri.

Se chak jou espesyalis lasante yo ap aprann plis bagay sou kowonaviris la; e, ofi e a meziplis enfòmasyon ap vin disponib, se konsa tou Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) ap kontinye pibliye mizajou sou evolisyon rechèch yo epi l ap pataje avèk piblik la enfòmasyon tou nèf sou sa ki rele “maladi grav” ki makònen avèk KOVID-19 la.

XS
SM
MD
LG