Accessibility links

Breaking News

Enfòmasyon sou Kowonaviris: Avèk Ki Fasilite Viris Ki Bay KOVID-19 la Pwopaje?


វFoto ki ilistre mòfoloji KOVID-19 la ke espesyalis yo te idantifye kòm koz eklatman maladi respiratwa yo te detekte pou la premye fwa nan vil Wuhan, nan Lachin. CCD te pibliye foto sa a nan dat 29 janvye 2020. (Foto: REUTERS/Alissa Eckert, MS; Dan Higgins, MAM/CDC).
វFoto ki ilistre mòfoloji KOVID-19 la ke espesyalis yo te idantifye kòm koz eklatman maladi respiratwa yo te detekte pou la premye fwa nan vil Wuhan, nan Lachin. CCD te pibliye foto sa a nan dat 29 janvye 2020. (Foto: REUTERS/Alissa Eckert, MS; Dan Higgins, MAM/CDC).

Kesyon n ap poze jodi a, se ak ki fasilite fason yon viris pwopaje, savledi fason li sòti sou yon moun pou l ale sou yon lòt, sibi varyasyon?

Dapre enfòmasyon ki sòti nan Sant Ameriken Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), espesyalis yo di w gen viris ki ekstrèmman kontajye; li fasil-fasil pou yo sòti sou yon kretyen-vivan epi antre sou yon lòt, tandiske gen lòt viris ki pa pwopaje avèk menm fasilite a. Yon faktè ki jwe sou nivo rapidite kontajyon an se kesyon pou konnen si fenomèn transmisyon an stab, sòtadi èske l ap kontinye tout tan, èske viris la ap pase de moun an moun san rete?

Pou sa ki gen rapò avèk viris ki bay KOVID-19 la, karakteristik prensipal li sè ke li ka pwopaje fasilman e san rete de yon gwoup moun ak yon lot gwoup. Enfòmasyon espesyalis yo rasanble sou pandemi kowonaviris k ap frape lemond jounen jodi a montre l ap pwopaje pi efikasman pase viris ki bay grip la, men pa osi fasilman ke viris lawoujòl la ki, li-menm, se yon viris ki ekstrèmman kontajye.

An jeneral, pou sa k konsenen transmisyon kowonaviris la, sa pou yon moun konnen sè ke plis li rete an kontak sere avèk lòt moun epi plis kontak sa dire, se konsa tou danje pou moun sa a trape viris KOVID-19 la ap ogmante.

XS
SM
MD
LG