Accessibility links

Breaking News

Ki Konsekans Tanperati Genyen sou Maladi KOVID-19 Kowonaviris Bay la?


Gen moun k ap poze kesyon pou yo mande èske gen yon tanperati ki touye viris ki bay maladi KOVID-19 la, an palan de kowonaviris. Espesyalis yo di w: An jeneral viris la pa viv lontan nan yon tanperati ki cho, ki wo oubyen kote imidite a elve anpil, alòske li reziste nan yon anviwonnman kote tanperati a frech oubyen sèk.

Sepandan jiskaprezan pa genyen okenn done dirèk sou fason li konpote l vrèman nan yon tanperati kèlkonk; tout bagay depann de materyèl oubyen sifas kote viris la ka rete a, de anviwonnman an, elatriye. Men, kèlkeswa tanperati a -kit li cho, kit li fret- se pou nou toujou aplike konsiyn konsènan netwayaj, pwòpte avèk itilizasyon pwodui dezenfektan. Sa vle di se pou nou toujou poze tout aksyon ki nesesè pou nou anpeche viris la antre nan sistèm nou.

XS
SM
MD
LG