Accessibility links

Breaking News

PREPARE KAY OU AK FANMI W KONT KOVID-19 OU KOWONAVIRIS


Kijan yon pèdefami oubyen yon mèdefami kapab prepare fwaye li ak fanmi li pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris?

Espesyalis yo reponn pou yo di:

Misye a oubyen madanm nan dwe prepare yon plandaksyon ki kapab ede l pwoteje sante li ak sante moun lakay li sizoka KOVID-19 (ou kowonviris) ta eklate nan kominote a.

* Pèdefami an ou mèdefami an gen pou l pale avèk tout moun ki dwe fè pati plandaksyon an epi di yo sa chak nan yo dwe fè an ka ke maladi KOVID-19 la ta eklate nan kominote a.

*Panse davans ak kijan ou pral pran swen manm fanmi k ap kouri pi gwo risk yo paske yo plis ekspoze anba konplikasyon; n ap pale de granmoun aje yo ak sila yo ki deja ap viv yon sitiyasyon medikal kwonik tankou, pa egzanp, maladi kè, maladi poumon ak maladi ren.

* Chache asire w ke moun sa yo genyen avèk yo pwovizyon medikaman pou plizyè semèn pousizoka nou oblije rete lakay nou pandan yon peryòd pwolonje.

* Chache byen konnen vwazen w yo; chache konnen tou si vwazen w yo genyen yon paj entènèt oubyen yon paj medya sosyal pou nou rete konekte.

* Prepare yon lis gwoup lokal ke ou-menm ak manm fanmi an kapab kontakte an ka ke nou ta renmen jwenn enfòmasyon, sèvis swensante, sipò ak resous.

* Prepare yon lis kontak dijans ki gen ladan l manm fanmi an, zanmi, vwazen, chofè ki abitye deplase avèk nou an gwoup; doktè, enfimyè ak lòt manm pèsonèl medikal, patwon, pwofesè, biwo sante piblik lokal la avèk lòt biwo ki la pou sèvi kominote a.

XS
SM
MD
LG