Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Kèk Lòt Gwo Peyi Ap Relouvri Ekonomi Yo Malgre Kowonaviris Kontinye Fè Dega Lakay Yo


Lèzetazini, La Grann Bretay avèk Larisi ap fè preparasyon pou yo kite anplwaye yo retounen nan travay malgre pandemi KOVID-19 la kontinye pwopaje nan peyi sa yo.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki t ap fè kòmantè sou dosye a nan jounen lendi 11 me 2020 an, deklare Lèzetazini rive reyalize anviwon 300 mil tès kowonaviris pa jou e anvan lontan chif total la pral depase 10 milyon tès reyallize; sa ki, dapre li, reprezante plis tès pase nan tout lòt peyi nan lemond.

Yon otorite wo-plase nan adminitrasyon Trump la, ki t ap pale avèk laprès nan menm jounen lendi a, fè konnen yon nouvo tès ak antijèn -ki deja jwenn apwobasyon yon konpayi ki rele QUIDEL- pral akselere pwosesis tèt la plis toujou, paske sa tès sa a ap chache se tou senpleman-prezans pwoteyin viral nan nen moun, kontrèman avèk tès ak asid nikleyè a ki, limenm, se yon pwosesis ki pi konplike e ki mande plis tan pou reyalize.

XS
SM
MD
LG