Accessibility links

Breaking News

Efò Ap Fèt nan Tout Peyi pou Bloke Pwogrè Epidemi Kowonaviris la


Yon foul moun ki mete nan figi yo mask pou pwoteje tèt yo, aprè eklatman epidemi kowonaviris la. Yo te reyini nan estasyon Shinagawa nan Tokyo, Japon, lendi 2 mas 2020. (Foto REUTERS/Athit Perawongmetha).
Yon foul moun ki mete nan figi yo mask pou pwoteje tèt yo, aprè eklatman epidemi kowonaviris la. Yo te reyini nan estasyon Shinagawa nan Tokyo, Japon, lendi 2 mas 2020. (Foto REUTERS/Athit Perawongmetha).

Nan Kore di Sid responsab lasante yo anrejistre 600 nouvo ka maladi kowonaviris la pou sèl jounen lendi 2 mas 2020 an, tandiske lidè yon gwoup relijye, kote ou jwenn majorite ka yo nan peyi a, prezante eskiz li. Pastè Lee Manhee, k ap dirije Legliz Shincheonji fè premye parèt li an piblik depi epidemi an te eklate nan peyi a pou l fè konnen legliz la ap kowopere ak gouvènman an pou anpeche maladi a gaye plis. Sa pa anpeche otorite yo mande pou lajistis anvizaje pèn de mò pou tout lidè legliz la poutèt yo pa t apiye efò gouvènman na ap fè pou l bloke pwopagasyon maladi a nan peyi a.

Responsab lasante yo konfime maladi a deja prezan nan 60 peyi pou pi piti, e viris la afekte plis pase 89 mil moun sou latè depi li te parèt pou la premyè fwa nan Lachin Santral nan mwa desanm 2019 la.

Nan lamès dimanch premye mas 2020 an, ann Itali, yon prèt mete losti a nan men yon fidèl e non pa nan bouch li.
Nan lamès dimanch premye mas 2020 an, ann Itali, yon prèt mete losti a nan men yon fidèl e non pa nan bouch li.

Sou kontinan ewopeyen an Itali se peyi ki plis frape avèk yon kantite ka konfime ki rive anviwon mil 700 nan jounen dimanch premye mas la. Daprè previzyon otorite italyen yo fè, kantite sa a gen pou l kontinye monte. Nan menm jounen dimanch la, an Frans, youn nan lye touristik ki resevwa plis vizit yo e ke yo konsidere kòm mize-dart ki pi poplè nan lemond, an palan de palè wayal “Le Louvre”, fèmen pòt li aprè anplwaye yo (tout se manm sendika) te anonse yo pa p travay paske yo pè pou yo pa pran maladi kowonaviris la.

Ozetazini, responsab yo konfime 80 ka kowonaviris -pami yo genyen 2èm ka lanmò yo anrejitre dimanch nan Eta Washington, ki nan pati nò-dwès peyi a. Otorite lasante yo fè konnen li posib pou viris la te sikile nan kominote konsène a nan Washington pandan plizyè semèn san yo pa t detekte li.

Lendi 2 mas la yo rapòte 2 premye ka maladi a nan Peyi Endonezi kote responsab lasante yo di 2 moun sa yo te gen lyen avèk yon sitwayen japonè.

Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen pi fò moun ki trape viris la se granmoun ki prezante sentòm tankou lafyèv, yon tous sèch ak difikilte pou yo respire. Dapre OMS toujou, 80% nan yo santi yon ti malèz ki pa twò grav; 14% santi yon maladi ki serye, epi 5% se moun ki vin malad gravman. Oganizasyon mondyal la di moun ki malad pi gravman yo se moun ki genyen plis pase 60 tan e ki te deja ap soufri ak lòt kalte maladi.

XS
SM
MD
LG