Lèzetazini rive depase ofisyelman kounyela a chif 2 milyon an pou kantite ka enfeksyon kowonaviris otorite lasante yo anrejistre nan peyi a. Dapre estatistik ki paret jedi 11 jen 2020 an sou sitweb Sant Rechech sou Kowonavriris Inivsite Johns Hopkins, ki baze nan vil Baltmore, tou pre Washington, D.C., rive nan dat nou di a peyi a anjejistre 2 milyon 464 ka konfime maladi KOVID-19 la; sou kantite sa a gen 112 mil 924 mounki mouri. Konsa Lèzetazini konsève pozisyon li kòm peyi ki okipe plas No. 1 an nan lemond pou kantite moun ki trape viris ki bay maladi a avèk kantite moun ki mouri.
Doktè Ashish Jha, direktè Enstiti Sante Global nan Inivèsite Harvard, nan vil Cambridge, toupre Boston, nan Eta Massachusetts, bay chèn televizyon CNN yon entèvyou, nan jounen mèkredi 10 jen an, kote l fè previzyon pou l di:
“Kantite tolal moun ki trape maladi a pral double nan peyi a disi fen mwa septanm pwochen. Pi fò ameriken pa pare pou yo retounen nan konfinnman ankò -se yon bagay mwen konprann. Mwen byen konprann tou ke moun yo dispoze viv ansanm avèk viris la. Sa vle di ant 800 e 1000 ameriken pral mouri chak jou.”
Yon afè de 21 sou 50 eta ameriken yo rive, semèn sa a menm, nan pi wo nivo a pou kantite ka enfeksyon maladi KOVID-19 la. Nou jwenn pi gwo konsantrasyon ka sa yo nan eta ki nan pati lwès avèk sidwès Lezetazini -eta tankou Arizona, Nouvo Meksik, Tegzas ak Utah. Se pi gwo ogmantasyon nan kantite ka kowonaviris yo anrejistre nan peyi a ki atenn chif sa a apre desizyon otorite yo te pran, nan 2 semèn ki pase yo, pou yo fè yon relache restriksyon ki makonnen ak kontwòl pwopagasyon kowonoviris la, san bliye gwo mouvman foul ak pakèt aktivite piblik ki te sou pye nan jou fèt ki rele Memorial Day a (ou Jou Souvnans la) ki reprezante tradisyonèlman jou kote grann vakans dete yo kòmanse Ozetazini