Accessibility links

Breaking News

Fòs Koalisyon an Touye yon Gwo Lidè Gwoup Eta Islamik la


Map Tabqa Dam tou pre Raqqa nan Lasiri
Map Tabqa Dam tou pre Raqqa nan Lasiri

Dapre otorite ameriken yo, yon gwo lidè gwoup Eta Islamik la nan kapital “de facto” li a Raqqa, nan peyi Siri pèdi lavi l nan frap aeryen koalisyon an, semèn sa a, sa ki konfime nouvèl ki te parèt anvan sou kesyon an.

Yon deklarasyon ki soti nan koalisyon ki gen Etazini nan tèt li a fè konnen jodi jedi 29 desanm 2016 la, Abu Jandal al-Kuwati pèdi lavi l nan yon frap toupre Taqba Dam, lendi ki te 26 dessanm nan. Deklarasyon an fè konnen lidè sa a sete yon manm yon ansyen Komite Lagè nan gwoup Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG