WASHINGTON, D.C. —
Daprè yon teyori espesyalis medikal yo devlope, prensipal mwayen KOVID-19 (maladi Kowonaviris la bay la) pwopaje, se gras ak kontak sere ant yon moun ak yon lòt. Yo menm rive reyaliz ke yon moun ki pa menm prezante sentòm maladi a, kapab pase viris la bay yon lòt. Kidonk, se aprann y ap aprann toujou kijan viris la sikile pandan yo kontinye ap fe eksperyans pou yo konnen degre gravite maladi li koze a.
Jan n di l deja, mwayen ki pi fasil pou KOVD-19 pwopaje, se sòti sou yon moun epi pase sou yon lòt. Men kèk egzanp:
- Li pwopaje ant 2 ou plizye moun ki gen kontak sere antre yo, swa moun ki pa kite yon distans omwens 6 pa antre yo –sa yo rele distansyasyon sosyal la;
- Li sòti nan postiyon (nan gout krache) si sòti nan bouch oubyen nan nen yon moun pou l al ateri nan bouch oubyen nan nen yon lòt ki tou pre li, lè yon moun ki deja enfekte touse, etènye oubyen li pale.
- Gout krache sa yo byen kapab al tonbe nan bouch oubyen nan nen yon lòt moun ki pa lwen moun enfekte a, epi lot moun sa a respire postiyon an ki desann al chita nan poumon li.
- N ap repete: Kowonaviris kapab sikile gras ak yon moun ki pa menm prezante sentòm maladi KOVID-19 la.