Nan Washington DC, otorite yo nan La Mezon Blanch ak prensipal lidè demokrat yo nan Kongrè a rekòmanse, nan jounen lendi 3 dawout la, diskisyon yo te kòmanse fè sou yon nouvo pwogram soulajman ekonomik pou sitwayen ak biznis ameriken ki sibi gwo dega anba maladi kowonaviris la; pwogram sa a sipoze gen ladan l lajan pou ede plizyè milyon anplwaye pandemi a lage nan chomaj. Chita-tande sa yo ap dewoule 2 zou 3 jou aprè yon premye pwogram asistans ki te ofri chomè yo 600 dola pa semèn, te rive nan bout li.
Se konsa Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, Minis Trezò a, Steven Mnuchin, avèk Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch la, Mark Meadows, te rankontre nan jounen dimanch 2 dawout la pou yo te eseye elimine yon enpas ki prezante ant lidè demokrat yo ak lidè repibliken yo sou kesyon pou konnen ki lè pou nouvo pwogram nan antre an aplikasyon e sitou konbyen kòb pou yo ofri chomè yo nan moman peyi a ap konfwonte yon gwo remonte nan kantite ka enfeksyon kowonaviris yo, yon remonte ki te kòmansa nan mwa jen pase a.
Misye Mnuchin, ki t ap pale nan pwogram “Face the Nation” sou chèn televizyon CBS dimanch 2 zout la, fe konnen: òè
“Nou toujou rete yon gwo chemen devan nou. Mwen pa atann mwen aske n ap jwenn yon solisyon anvan lontan.”
Depite Pelosi ak lòt lidè demokrat yo ta renmen alaji kad pwogram nan pou benefiis la rete jan l te ye anvan an, swa 600 dola pa semèn pou chomè yo, rive jous nan fen ane 2020 an, tandiske Prezidan Donald Trump avèk otorite wo-plase nan gouvènman li a ta renmen divize kòb la pa 3 epui bay moun ki pèdi travay yo 200 dola sèlman pa semèn, pandan yo ta va ap prepare yon lòt pwogram soulajman ki ta a ofri chomè yo 70% salè yo t ap touche anba yo te pèdi travay yo,
Alòs 2 pati yo genyen kèk gwo labin ki separe yo toujou sou kesyon pou konnen konbye kòb ki pou antre nan pwogram asistans anti-kowonaviris la: Demokrat yo ap redi pou plan depans la ta monte rive 3 trilyon dola, tandiske Repibliken yo pa ta renmen wè kòb la depase yon trilyon dola.